Home
English
Français
Español
Kreyòl
Formation
Contact Us
manifest
Eslay Kreyòl
e-mail me


Pòtay Kameleon


Kameleon : Gwo Plan

 

Kameleon se yon lojisyèl pou jesyon biznis tankou komès ak faktori. Kameleon jere tranzaksyon nan plizyè deviz, pou nenpòt ki tranzaksyon nan sistèm nan. Sa vle di yon bizismann ki fè yon tranzaksyon nan lajan yon peyi etranje ka anrejistre tranzaksyon sa a nan lajan peyi a nan liv kontablite l', apati tochanj ki te sèvi nan tranzaksyon an.

Ki kalite operasyon Kameleon ka jere

Kameleon ka jere operasyon vant ki fèt nan modèl sa yo : vant sou etajè, plizyè livrezon nan yon sèl vant, livrezon kòmand fabrikasyon. Li ka bay kisa kliyan an pran, kisa konpayi a dwe kliyan an.

Kameleon ka jere operasyon achat ak arivaj machandiz. Kameleon ka kalkile pri koutan egzak yon liy atik nan yon bòdwo - kit gen yon atik kit gen plizyè - kit chaj yo ansanm pou tout, kit chaj yo separe - kit chaj yo vini nan youn sèl deviz, kit yo vini nan plizyè deviz.

Kameleon gen pwòp fason pa li pou li jere dosye kliyan, ansanm ak dosye founisè.

Kameleon ka jere tranzaksyon stòk : transfè ant de depo, transfòmasyon atik, fè yon atik tounen yon lòt atik, envantè bridsoukou, elatriye...

Kameleon, pou kò li, ka sanble  tout enfòmasyon sou lajan ki sòti nan nenpòt ki tranzaksyon nan sistèm nan, voye yo nan Gran Liv pou kontablite, san repetisyon ni kitedèyè.

Kameleon pèmèt yo kalkile devi difisil (matyè premyè, founiti, mendèv, taks, elatriye...), l'ap bay pri koutan, l'ap bay maj benefis, l'ap bay pri lavant.

Kameleon ka fè desen 2 dimansyon pou devi,  egzanp pòt ak fenèt. Kameleon ka jere dewoulman yon sistèm fabrikasyon depi nan lòd pou pwodiksyon, pase nan rekizisyon founiti, sote nan pwodui fini, rive nan livrezon bay kliyan, swiv tras, elatriye...)

Kameleon fè pewòl, ki konekte ak fabrikasyon.

Kameleon ka pran plizyè itilizatè an menm tan, plizyè devis, plizyè sikisal kit yo konekte, kit yo pa konekte.